Rèv CAPPA-Sourds-Haiti

Yon lang se zouti devlopman ak entegrasyon total kapital tout moun san wete moun soud Ayisyen yo.

CAPPA (Centre d'Aide aux Personnes ayant des Problèmes Auditifs) ak SANFIL (Association Nationale des Interprétes et Formateurs en Langue des Signes) swete tout bagay fèt pou lang siy Ayisyen an vin Ofisyèl pou fasilite entegrasyon moun soud yo ki se yon gwoup espesyal paske yo gen kilti ak fason pa yo.

CAPPA ak SANFIL remèsye e felisite tout moun, enstitisyon prive kou etatik, nasyonal kou entènasyonal ki ap travay nan INITE SAN ESKLIZYON pou kominote moun soud yo.

Li enposib pou gen enklizyon moun soud yo san kolaborasyon tout moun sitou entèprèt kalifye ak bon jan asistans finansye.

Yon lwa ou byen yon dekrè lwa pou rekonèt lang siy Ayisyen yo (LSH/HSL) ofisyèlman se ap pi gwo zouti legal pou ankouraje fòmasyon reglemantasyon pwofesyon entèprèt la an Ayiti.

Finalman rèv CAPPA depi ane 1998 la sou wout poul reyalize paske lang siy Ayisyen (LSH/HSL) an pral gaye ofisyèlman nan tout peyi a. Antan ke manm WASLI (Association Mondiale des Interprètes en Langue des Signes) nou swete pou Ayiti jwenn plas li poul kapab gen resous poul ankouraje edikasyon wo nivo pou tout moun SOUD gason kou fi ak moun ki gen pwonlèm nan zòrèy yo.

~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~
Centre d'Aide aux Personnes à Problèmes Auditifs (CAPPA-Sourds-Haïti) et de l'Association Nationale des Formateurs et Interprètes en Langue des Signes (SANFIL)

20 ans au service de la communauté Haitienne (1998-2018)

CAPPA-Haiti & SANFIL
+509-37104711 (Whatsapp)
+509-4097-1445 (Voice/SMS)
+1-202-618-1022 (USA. Voice/SMS)
Website: www.cappahaiti.org/
E-mail: cappahaiti@gmail.com

H2
H3
H4
3 columns
2 columns
1 column
Join the conversation now
Logo
Center