Siw vle ou kapab

Mwen pa konen yon moun ki te fet ak yon milyon anba bra li oswa ki te fet ak rad sou li, men pou poukisa lot la vin gen anpil riches epiw pa kapab genyen anpil tou....?

Mwen envitew kontinye li pouw kapab we vre rezon ki koz sa, e apati jodya wap komprann e wap konen ki chemen pouw pran pou sa. Apre mwen fin pase 15 lane lekol ap aprann sa sosyete a mandam, epi aplike tout egzijans yo fem yo, map mande eskem sou wout reysit la vre..! Ou menm tout ki chita ap pase klas ak etid, epiw poko kapab gen yon aveni ki asire, kisaw dwe fe, kijanw dwe konpotew.

Mwen konseye, bay tet ou yon objektif epi pa kite pesonn nan mond sa few kwe li pa impotan. Travay chak jou sou konstriksyon saw vle ye demen an.

Mwen asirew chemen an wap kreyel epi wap kapab rive kotew vle a san ke sote. M vlew rete pozitif tout tanw ap viv, souri chak minit menm siw pa kontan sa ap pemet moman tristes yo ale tre lwen ou. Epiw ap kapab kreye yon ond positif kap kapab retounen souw sou fom sikse.

#cryptonewshaiti #steemithaiti #cryptomass #haiti

Upvote, Comment, Resteem

H2
H3
H4
3 columns
2 columns
1 column
Join the conversation now