Mezanmi pitye pou moun soud yo.

PROTEKSYON, JUSTIS AK REPARASYON POU MOUN SOUD YO

Se avek anpil lapèn, tristè ak revòl nou aprann nan tout deblozay ki tap fèt jou ki te Dimanch 8 Avril 2018. Bandi san fwa ni lwa yo krible l ak bal, wi yo asasinen yon moun SOUD pezib ke nou poko janm rive idantifye non l ak foto l, moun SOUD sa tap travay pou Lapolis-PNH (Ponpye Chann Mas-Pòtoprens).

👉🏾http://www.hpnhaiti.com/nouvelles/index.php/societe/99-securite/3544-haiti-insecurite-situation-de-tension-a-port-au-prince-la-police-confirme-un-mort#.WszsNIWReVY.whatsapp

Tout responsab CAPPA-sourds-Haiti ak SANFIL yo mete vwa yo ak tout lòt asosyasyon kap ddefann dwa tout moun andikape yo prensipalman dwa tout moun SOUD ki ap viv an Ayiti. Nou mande pwoteksyon, jistis ak reparasyon pou tout moun SOUD ki viktim yo akoz yon gwo mank:

  • Enfòmasyon sou jan moun SOUD yo fonksyone
  • Respè pou lavi tout moun ki ap viv nan peyi a.
  • Rekonesans nan lang siy Ayisyen an ki poko janm ofisyèl
    ~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~

PROTEKSYON, JUSTIS AK REPARASYON POU MOUN SOUD YO

CAPPA-Haiti & SANFIL
(Centre d'Aide aux Personnes à Problèmes Auditifs / l'Association Nationale des Formateurs et Interprètes en Langue des Signes.
+509-37104711 (Whatsapp)
+509-4097-1445 (Voice/SMS)
+1-202-618-1022 (USA. Voice/SMS)
www.freewebs.com/cappahaiti/
E-mail: cappahaiti@gmail.com

H2
H3
H4
3 columns
2 columns
1 column
Join the conversation now
Logo
Center