Yon Madi maten nan jeremie

carlomile(4)
Published in
#ayiti
Words
243
Reading
2 min
Listen
Play
9y

Hi guys Followers mw yo. Mwen swete aktivite nou byen e avek sekou Granmet la tout bagay prale byen, paske se li menm sel ki domine sou tt bagay ki mal.

Yon Madi maten nan jeremie, bel anpil pa pou anpil bagay lew konnen wap tann ton le kise 2h45 zeugen@zeugen konn sa sa vle di, lel konnen l pral mare dwet li chak fwa Mesi gen balon an, epi gro revanch mw pral pranl sou eki sa a paskel t elimine nou deja nan Chanpioms league la.

20180118_152353.jpg

Yon madi maten nan jeremie tou se al tann machan fig kap sot andeyo yo epa vye fig moun nan potoprens yo nn sa a yo tou frech, sou bod ak calas ak lasous depiw sou wout sa a chak maten wap jwenn machan sa yo ki leve depi 4h epi ki desann a pye vinn vann ti komes yo lavil la. mwen renmen sa anpil.

Yon madi maten nan jeremie paka pi bel si pat tande son kloch legliz sen lwi an ki pou reveyew, ak batiman le t genyen kap konnen poul few konnen li prale ve 4h.

Sa se t fason yon madi maten m leve nan ti vil sa ki rele jeremie an.
Nan komantew vinn dim kijan madi maten an leve nan vil ou ye a ?

woy m manke bliye tcheke portoflio mw ak market la poum konn kijan coin me yo bouje..... #smartcash #dash #obits #bts #kick #eth

Yon Madi maten nan jeremie | Ecency