This content was deleted by the author. You can see it from Blockchain History logs.

Timoun yo pa prèske monte kap ankò

cerf-volant-2603.jpg

cerf volant.jpg

Sa gen kèk ane depi m ap swiv avèk anpil atansyon kijan anpil bagay ki nan koutim nou pa prèske egziste anko:Tankou lontan lè dat karèm rive tout moun; jèn, granmoun e timoun te konn nan monte kap (cerf volant). Sa gen kèk ane m pa prèske wè bagay sa yo anko, e ane sa sanble se ap menm bagay la. Kisa ki lakoz sa? èske se okipe moun yo okipe nan travay yo? èske se teknoloji a ki lakoz sa? èske se lajan moun yo pa genyen pou yo fè kap pou timoun yo? Oswa èske se yon lot bagay ki koz sa? kisa z panse ki koz sa ou menm? Di nou sa w panse nan komantè a.