Reyalite Peyim

😂11 pawòl ou fasil tande lèw nan kamyonèt Ayiti😂:

1- "Mpa vle kòb chire sa, bèl kòb sa mbaw la".😑

2- "Chofè kanpe pou mwen. Chofè mrive. Bon chofè sa pa tande mrive. Chuipsss. Gad jis kote grimas la mete m."😡

3- "Pouki chofè a kanpe la? Pa gen plas ankò non. Sou kawotchou a wap mete moun nan?"🤔

4- "Chofè 15 goud mgen wi. Apre sa se nan mil goud wap ka pran 20 gd la."😉

  • "Machin nan 20 goud, si w pa genyenl desann pou mwen souple."😒

5- "Mezanmi fon ti chikin pou mwen souple moun yo, mpa chita non."😟

6- "Oo chofè sa fou, ki mòd kout volan sa? Chofè mpa prese tande."😬

7- "Chofè fon bese mizik la, map pran yon apèl la."🤓

8- "Gen plas nan machin nan, ban an se 7 moun li pran. Si nou pa avanse machin nan pap deplase"😤

9-"Banm touche pou nou.

  • Janm chita a mpa ka pran bous mwen chofè, mpap sove map peye."😐

10- "Madanm chay sa wap peye 30 gd pou li. Si w pa kapab met pyew atè."😤

11- " Neg Moto sa yo kouri tout jan "

Mete pawòl paw la🤣

H2
H3
H4
3 columns
2 columns
1 column
Join the conversation now